Culture. Lyonel Trouillot, président d’honneur du 3è Festival Entènasyonal Litérati Kréyol

L’écrivain haïtien Lionel Trouillot va présider ce grand événement pour la littérature de langue créole. Donnons cet espace à Esperancia Jean-Noël du journal Ayiti Tanbou.

« Literati nan konstriksyon moun », se anba tèm sa a 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl (FEL) la ap dewoule ane sa a sòti premye pou rive 5 desanm 2021.

Aktivite sa ap fèt nan plizyè vil nan peyi Dayiti, tankou nan Pòtoprens, Senmak ak leyogàn. Inivèsite, lekòl, bibliyotèk , sant kiltirèl se nan divès kote 3em edisyon festival sa a ap tabli.

Paj Fesbouk ak chèn youtoub FEL la ak patnè li yo ap transmèt li sou rezo sosyal yo.
Aktivite sila a fèt nan lide pou ankouraje plis moun ekri nan lang manman ak papa yo ki se kreyòl, bay kreyolofoni an jarèt, fasilite deba ak echanj nan mitan pèp ki pale kreyòl yo, kreye kote pou otè ak lektè yo diskite, pou nou site sa yo sèlman.

Pou 3èm edisyon festival entènasyonal literati kreyòl la, se womansye Lyonel Trouillot ki ap a lonè epi Ena Eluther ki sòti nan peyi Gwadloup, kòm envite espesyal. Li se yon pwofese sètifye nan lang kreyol la a. Ap genyen tou Jude Duranty pou peyi Matinik ki pibliye plizyè liv sou lang epi nan lang kreyòl la.

Pou edisyon sa a, ekip FEL la ap prezante moun kap vini nan aktivite sa plizyè bagay pou pèmèt yo byen viv moman. Ap gen konferans, Kozri, ekspozisyon epi liv yap vann. Yap bay 5 moun kap evolye nan mond kreyolofòn lan omaj nan yon sware yo rele “Sware Senk Solèy”. Yo se Emile Celestin Megie, Ayiti, Hector Poullet ki soti nan peyi Gwadloup, Danielle de Saint-Jore pou Séchel, Jean Bernabé, Matinik epi Robert Chaudeson pou peyi Lareyinyon. Ap genyen tou espektak teyat, pwezi pou nou site sa yo sèlman.

Nap souliyen se depi nan lane 2019 nan mwa desanm , Jean Baptiste Anivince nan tèt kole ak « Fondation Maurice Sixto » epi « C3 éditions » te lanse premye Festival Entènasyonal Literati Kreyòl nan Karayib la pou bay kreyòl la plis valè.

Esperancia JEAN-NOEL

Source : Ayiti Tanbou

Lien : https://ayititanbou.net/lyonel-trouillot-prezidan-done-twazyem-edisyon-festival-…

Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email

Actualité

Politique

Economie

CULTURE

LES BONS PLANS​

KARIB'Archives

Rechercher un article par mot clé dans nos archives à partir de 2020

DERNIERES INFOS

LE TOP KARIB'INFO

Diapositive précédente
Diapositive suivante